The Bible Software
bible.software › Leviticus › Leviticus 5 › Leviticus 5:6

Leviticus 5:6

Apre sa, l'a peye pou peche li fè a, l'a pran yon fenmèl nan mouton pa l' yo, osinon nan kabrit li yo, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche li te fè a. Prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche nonm lan.

Bib La

In The King James Version

And he shall bring his trespass offering unto the LORD for his sin which he hath sinned, a female from the flock, a lamb or a kid of the goats, for a sin offering; and the priest shall make an atonement for him concerning his sin.

In Context

5Lè yon moun rive antò paske li fè yonn nan bagay sa yo, se pou l' rekonèt devan tout moun sa l' fè a mal.

7Men, si nonm lan pa ka bay yon mouton osinon yon kabrit, l'a pote yon pè toutrèl osinon yon pè pijon pou peye pou peche a. L'a ofri yo bay Seyè a, yonn pou yo touye pou peche a, lòt la pou yo boule nèt sou lotèl la.

Read all of Leviticus 5

Cross References

Leviticus 4:28rive moun sa a rive konnen sa l' fè a pa bon, se pou l' mennen yon fenmèl kabrit ki pa gen ankenn enfimite, l'a ofri l' pou yo touye l' bay Seyè a pou peche li a.

Leviticus 4:32Si se yon ti mouton moun lan ap ofri pou wete peche li fè a, se yon ti fenmèl ki pa gen ankenn enfimite pou l' mennen.

Leviticus 6:6Apre sa, l'a pran yon belye nan bèt li yo, yonn ki san ankenn enfimite, l'a mennen l' bay prèt la ki va ofri l' bay Seyè a pou li peye pou sa l' te fè ki mal la. Y'a kalkile pri belye a dapre sa yo gen pou yo peye pou ofrann konsa.

Leviticus 14:12Rive la, prèt la va pran yonn nan ti belye yo, l'a ofri l' ansanm ak demi lit lwil la bay Seyè a pou peye pou sa moun lan te fè ki mal. L'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann espesyal pou Seyè a.

Numbers 6:12Nonm lan va refè ve li te fè pou l' viv apa nèt pou Bondye a. Tou sa li te fè anvan an pa vo anyen ankò, paske ve li te fè a gate. Epi l'a pote yon ti mouton ki poko gen ennan pou yo ofri pou repare sa li te fè ki mal la.

Ezekiel 42:13Lè sa a, nonm lan di m': -De gwo kay sa yo, yonn sou bò nò, yonn bò sid, se chanm ki mache ak chanm yo met apa pou Seyè a. Se la prèt k'ap sèvi devan lotèl Seyè a manje ofrann yo mete apa pou Seyè a. Chanm sa yo fèt pou rete apa pou Seyè a tou. Se la prèt yo pral met ofrann yo met apa pou Seyè a, ofrann grenn jaden osinon bèt yo ofri bay Seyè a pou mande l' padon pou peche osinon pou peye pou sa yo te fè ki mal, paske kay sa a apa pou Seyè a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Leviticus 5:6

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Leviticus 5:5Leviticus 5Leviticus 5:7 →