Leviticus 6:22
Se yon lòd ki la pou tout tan. Se pou pitit Arawon y'a mete apa pou ranplase Arawon an toujou fè ofrann sa a bay Seyè a. Y'a boule ofrann lan nèt, y'a ofri l' bay Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 4:3Si se granprèt la ki fè yon peche konsa epi ki lakòz tout pèp la ap sibi chatiman, granprèt la va mennen yon ti towo bèf san ankenn enfimite, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche l' la.
Leviticus 6:10Nan maten, prèt la va chanje rad sou li, l'a mete yon chemiz fèt ak twal fen blan, ansanm ak yon kalson ki fèt ak menm twal la, l'a wete sann ki rete apre ofrann lan fin boule nèt sou lotèl la, l'a mete l' sou kote lotèl la.
Leviticus 8:21Moyiz lave tripay yo ak pye yo nan dlo. Apre sa li boule tout towo a nèt sou lotèl la. Se te yon bèt li ofri pou boule nèt nan dife pou Seyè a, yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li, dapre lòd Seyè a te ba li.
Isaiah 53:10Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l' anba soufrans konsa, pou l' te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Seyè a va mache byen nan men l'.
Hebrews 7:23Gen yon lòt diferans ankò: Te gen anpil prèt nan lòt kategori a, paske se tout tan yo t'ap mouri. Yon sèl pa t' ka kenbe travay la nèt ale.