Leviticus 7:26
Nenpòt ki kote nou ye, piga nou janm manje san zwazo, ni san ankenn lòt bèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Si yon moun rive manje san nenpòt ki bèt, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.
Cross References
Exodus 22:30N'a ban mwen tou premye pitit bèf nou yo ak premye pitit mouton nou yo. Ti bèt la va pase sèt jou avèk manman l'. Sou wityèm jou a n'a ofri l' ban mwen.
Leviticus 17:10Pesonn ni nan pèp Izrayèl la, ni pami moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gen dwa manje vyann ak tout san li ladan l'. Si li fè l', mwen menm Seyè a, mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an.
Ezekiel 33:25Men sa pou ou di yo: Seyè sèl Mèt la pale, li voye di nou: N'ap manje vyann ak tout san li ladan l'. N'ap fè sèvis pou zidòl, n'ap mete san moun deyò, epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou?
Acts 15:20Men, ann ekri yo, ann mande yo pou yo pa manje vyann bèt yo te ofri pou touye pou zidòl, pou yo egzante tout dezòd lachè, pou yo pa manje ni vyann bèt ki mouri toufe, ni san.
Ephesians 1:7Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo; Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil.