Lik 1:18
Zakari di zanj lan konsa: Ki jan pou m' fè kwè sa w'ap di m' la a se vre? Ala mwen fin vye, madanm mwen fin vye granmoun tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:17Abraram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Men, li tonbe ri lè l' chonje jan l' fin granmoun. Li t'ap di nan kè l'. Eske yon nonm ki gen santan ka fè pitit ankò? Eske Sara, yon fanm ki gen katrevendizan, ka vin ansent?
Numbers 11:21Moyiz di Seyè a: -Se sisanmil (0600.000) moun wi ki sou kont mwen. Epi ou di w'ap ba yo vyann kont pou yo manje yon mwa.
2 Kings 7:2Gadkò wa a reponn pwofèt la, li di l': —Seyè a ta mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa ou di a pa ka fèt. Elize di li: —Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'!
Luke 1:7Men, yo pa t' gen pitit paske Elizabèt pa t' kapab fè pitit. Yo tou de te fin vye granmoun.
Romans 4:19Lè sa a, Abraram te prèt pou gen santan sou tèt li. Men, konfyans li pa t' febli lè l' te gade kò l' ki te fin ale, epi pou l' te wè Sara, madanm li, ki pa t' ka fè pitit ankò.