Lik 1:9
Dapre koutim sèvis la, yo te tire osò pou chwazi yonn nan prèt yo pou antre nan tanp Mèt la pou ofri lansan an. Twouve fwa sa a, se Zakari ki te soti.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Yon jou, Zakari te desèvis kou prèt devan Bondye, paske se te tou gwoup pa l' la.
10Tout mas pèp la t'ap lapriyè deyò, antan Zakari menm te anndan ap ofri lansan an.
Cross References
Exodus 30:7Arawon va boule lansan bon sant sou li chak maten lè l'ap netwaye lanp yo.
Numbers 16:40pou sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotèl Seyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou Eleaza.
1 Chronicles 6:49Se Arawon ak pitit li yo ki te pou boule bèt yo te ofri sou lotèl yo te mete la pou sa, ak lansan sou lotèl lansan an. Se yo menm tou ki te reskonsab pou tout sèvis nan kay yo mete apa nèt pou Seyè a, pou mande padon pou peche pèp Izrayèl la, dapre tout regleman Moyiz, sèvitè Bondye a, te bay.
2 Chronicles 26:16Men, lè li fin chita pouvwa l' byen chita, lògèy vire tèt li, sa lakòz pye l' chape. Li fè bagay Seyè a, Bondye li a, pa t' ba li dwa fè. Yon jou li antre nan Tanp Seyè a pou boule lansan sou lotèl lansan an.
Hebrews 9:6Lè tout bagay fin nan plas yo konsa, prèt yo gen pou yo antre chak jou nan premye tant lan pou fè sèvis.