Luke 10:7
Rete nan kay sa a; manje, bwè tou sa y'a ban nou, paske moun ki travay merite pou yo peye l' lajan travay li. Pa soti nan yon kay pou al rete nan yon lòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Lè nou antre man yon lavil, si yo resevwa nou, manje sa y'a mete devan nou.
Cross References
Deuteronomy 12:12Lè sa a, n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, ansanm avèk pitit gason nou yo, pitit fi nou yo, gason ak fanm k'ap travay lakay nou yo ak moun Levi k'ap viv nan mitan nou yo, paske moun Levi yo pa gen ankenn pòsyon tè ki rele yo pa yo menm jan ak nou nan peyi a.
Deuteronomy 18:8l'a resevwa menm kantite manje ak lòt yo, san yo pa bezwen konsidere sa li resevwa deja nan byen papa l'.
Mark 6:10Epi li di yo ankò: -Lè nou rive nan yon lavil, rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati.
Acts 16:15Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: Se pou n' vini, se pou n' fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Seyè a. Se konsa li fòse nou rete lakay li.
Acts 16:40Lè apòt yo soti nan prizon an, yo antre lakay Lidi. Yo wè frè yo, yo ba yo kèk pawòl ankourajman, epi yo pati, y' ale.
Galatians 6:6Moun k'ap resevwa bon nouvèl la fèt pou separe tout byen l' yo ak moun k'ap ba li l' la.