Lik 12:47
Yon domestik ki konnen sa mèt li vle, men ki pa janm pare epi ki pa fè sa mèt la vle, domestik sa a anba kou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 15:30Men, lè yon moun fè yon bagay li konnen byen pwòp li pa t' dwe fè, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a, se pase l'ap pase Seyè a nan betiz. Se pou yo wete moun sa a nan mitan pèp la.
Matthew 11:22Se poutèt sa m'ap di nou: Jou jijman an, y'a peni nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo.
John 9:41Jezi reponn yo: Si nou te avèg, nou pa ta koupab. Men, n'ap plede di nou wè, nou wè. Se poutèt sa nou antò toujou.
John 15:22Si m' pa t' vini, si m' pa t' pale avè yo, yo pa ta antò, yo pa ta fè peche. Men, koulye a yo pa gen eskiz pou peche yo.
Acts 17:30Men, Bondye fèmen je l' sou tout tan sa yo moun pase nan liyorans. Koulye a li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li.
James 4:17Se poutèt sa, moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l' fè a, li fè peche.