Lik 13:28
Lè n'a wè Abraram, Izarak, Jakòb ak tout pwofèt yo nan bèl peyi kote Bondye Wa a, epi nou menm nou deyò, se lè sa a va gen rèl, se lè sa a moun va manje dan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 8:11Mwen p'ap kache di nou sa: anpil moun va soti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Matthew 13:50y'a jete mechan yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.
Matthew 24:51L'ap rachonnen msye anba kou, l'ap regle avè l' menm jan yo regle ak moun ipokrit yo. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.
Luke 10:15Nou menm, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la; enben y'ap bese nou desann jouk anba kote mò yo ye a.
Luke 16:23Pandan l' te kote tout mò yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l' byen lwen li wè Abraram ak Laza ansanm avèk li.
2 Thessalonians 1:5Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte koulye a, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa.