Lik 16:13
Pesonn pa ka sèvi de mèt byen anmenmtan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi yonn byen, men l'ap meprize lòt la. Nou pa ka sèvi Bondye ak lajan anmenmtan.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Si ou pa t' sèvi byen avèk sa ki te pou lòt moun, ki moun ki va ba ou sak pou ou a?
14Farizyen yo t'ap koute tout pawòl sa yo tou. Yo t'ap pase Jezi nan betiz paske yo te renmen lajan.
Cross References
Matthew 4:10Jezi reponn li: Wete kò ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi.
Luke 9:50Jezi reponn li: Kite l' non. Moun ki pa kont ou, se moun pa ou li ye.
Luke 14:26Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l', manman l', pitit li, frè l', sè l', menm pwòp tèt pa l', li pa kapab disip mwen.
Romans 6:16Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l' esklav pou n' obeyi l', nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fè nou mache dwat devan Bondye.
James 4:4Ala moun pa gen konfyans nan Bondye! Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye.