Lik 21:12
Men anvan tou sa, y'ap arete nou, y'ap maltrete nou; y'ap trennen nou nan sinagòg pou yo jije nou; y'ap mete nou nan prizon, y'ap fè nou konparèt devan wa ak chèf gouvènman poutèt mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Se va yon bèl okazyon pou nou kanpe pale verite a.
Cross References
Matthew 10:16Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sak fè, se pou nou sou prigad nou tankou pentad, se pou nou inonsan tankou pijon.
Matthew 23:34Se poutèt sa, men sa ki genyen: mwen pral voye pwofèt, moun ki gen bon konprann ak dirèktè lalwa ban nou. Nou pral touye kèk, gen ladan yo n'ap kloure sou kwa, gen ladan yo n'ap bat ak fwèt nan sinagòg nou yo, n'ap pousib yo soti yon lavil al nan yon lòt.
Mark 13:9Men, nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou devan tribinal, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m' temwen devan yo.
John 15:20Chonje sa m' te di nou: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Si yo pèsekite m', y'a pèsekite nou tou. Si yo fè sa m' te moutre yo, y'a fè sa n'a moutre yo tou.
Acts 4:3Yo arete yo, yo mete yo nan prizon pou jouk nan denmen paske solèy te fin kouche.
Acts 5:40Yo rele apòt yo ankò. Yo fè yo bat yo byen bat, yo pase yo lòd pou yo pa pale nan non Jezi ankò. Apre sa yo lage yo.