Lik 23:2
Rive la, yo pran depoze plent sou do l', yo di konsa: Nou jwenn nonm sa a ap moute tèt pèt la. L'ap di yo pou yo pa peye Seza lajan taks yo. Li menm rive pretann se Kris la li ye, yon wa.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Tout bann moun yo leve, yo mennen Jezi devan Pilat.
3Pilat mande li: Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: Se ou ki di li.
Cross References
1 Kings 18:17Wè Akab wè Eli, li di l': -Apa ou sa! Se ou menm k'ap rale malè sou pèp Izrayèl la konsa!
Psalms 35:11Gen moun k'ap kanpe bay manti sou mwen. Yo di mwen fè yon pakèt bagay mwen pa janm konnen mwen fè.
Psalms 64:3(064:4) Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki soti nan bouch yo se pwazon.
Jeremiah 37:13Lè li rive Pòtay Benjamen, li kontre ak kòmandman pòs la ki te rele Jirija. Se te pitit Chelemya, pitit pitit Ananya. Jirija rete Jeremi, li di l' konsa: -Anhan! Ou pral rann tèt ou bay moun Babilòn yo!
Amos 7:10Amatsya, prèt nan lavil Betèl la, voye di Jewoboram, wa Izrayèl la: -Men Amòs ap moute konplo sou do ou nan mitan pèp Izrayèl la. Li soti pou l' fini ak peyi a ak pawòl l'ap di yo.
Matthew 17:27Men, nou pa vle bay move egzanp: Ale bò lanmè a, voye yon zen nan dlo a. Rale premye pwason ki va mòde ladan l' lan. Louvri bouch li, wa jwenn yon pyès lajan, mezi pou peye taks pa m' ak taks pa ou. Pran l', al peye pou nou de.