Luke 23:8
Ewòd pa t' manke kontan lè li wè Jezi. Depi lontan li te konn tande pale sou li, li te anvi kontre avè l'. Li te kwè li tapral wè Jezi fè kèk mirak.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Li poze l' anpil keksyon, men Jezi pa reponn li anyen.
Cross References
2 Kings 5:11Naaman fache, li vire do l' ale. Li di: —Mwen te kwè li t'ap soti vin resevwa m'. Apre sa, li ta lapriyè Seyè a, Bondye l' la. Li ta pase men l' kote ki malad la, konsa mwen ta geri.
Mark 6:14Wa Ewòd te tande pale sou Jezi, paske yo t'ap nonmen non l' toupatou. Gen moun ki t'ap di: -Se Jan Batis ki leve pami mò yo, se poutèt sa li kapab fè tout mirak sa yo.
Luke 9:7Lè sa a, Ewòd t'ap gouvènen nan peyi Galile a. Li te pran nouvèl tou sak t'ap pase. Men, li pa t' konnen sa pou l' te kwè. Gen moun ki t'ap di: Se Jan Batis ki leve pami mò yo.