The Bible Software
bible.software › Lik › Lik 3 › Lik 3:2

Lik 3:2

Lè sa a, se An ak Kayif ki t'ap sèvi tankou granprèt. Nan menm epòk sa a, Bondye pale ak Jan, pitit Zakari a, ki te nan dezè a.

Bib La

In The King James Version

Annas and Caiaphas being the high priests, the word of God came unto John the son of Zacharias in the wilderness.

In Context

1Nan tan sa a, Seza Tibè te gen kenzan depi li te wa; Pons Pilat t'ap kòmande nan peyi Jide; Ewòd menm te chèf nan peyi Galile; Filip, frè Ewòd la, te chèf nan peyi Litoure ak nan rejyon Trakonit; Lizanyas te chèf nan Labilèn.

3Jan mache nan tout peyi bò larivyè Jouden an; li t'ap bay mesaj sa a: Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm: Bondye va padonnen peche nou yo.

Read all of Lik 3

Cross References

Jeremiah 1:2Lè Seyè a te pale ak Jeremi an, Jozyas, pitit gason Amon an, t'ap mache sou trèzan depi li te wa peyi Jida.

Ezekiel 1:3Antan Ezekyèl, pitit Bouzi, yon prèt Bondye, te la bò larivyè Keba nan peyi Babilòn, li tande Seyè a pale avè l'. Li santi pouvwa Seyè a sou li.

Jonah 1:1Yon jou, Seyè a pale ak Jonas, pitit gason Amitayi a,

Zephaniah 1:1Men mesaj Seyè a te bay Sofoni sou rèy Jozyas, pitit Amon an, ki te wa peyi Jida. Sofoni te pitit Kouchi. Kouchi te pitit Gedalya. Gedalya sa a te pitit Amarya ki li menm te pitit wa Ezekyas.

Matthew 11:7Lè patizan Jan yo al fè wout yo, Jezi pran pale ak foul la sou Jan. Li di yo konsa: Sa nou te al wè nan dezè a? Yon pye wozo van t'ap souke? Non.

Mark 1:3Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Lik 3:2

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesThe Fourfold GospelJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)
← Lik 3:1Lik 3Lik 3:3 →