Lik 4:42
Kou l' fè jou, Jezi soti, li ale yon kote ki pa gen moun. Yon foul moun t'ap chache li. Konsa, yo rive jouk kote li te ye a. Yo te vle kenbe l' pou l' pa t' kite yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 14:13Lè Jezi pran nouvèl sa a, li pati nan yon kannòt. Li te vle al yon kote ki pa gen moun pou l' te ka pou kont li. Men, moun yo vin konn sa. Yo kouri soti nan tout lavil yo, yo pran mache sou rivaj la ap swiv li.
Mark 1:45Men, nonm lan pati, li pran mache fè konnen bagay la toupatou. Li sitèlman gaye nouvèl la, Jezi pa t' kapab antre ankò nan okenn lavil pou moun pa t' wè li. Li te pito rete andeyò, kote ki pa gen moun. Men, moun te soti toupatou vin jwenn li.
Luke 6:12Lè sa a, Jezi moute sou yon ti mòn pou l' lapriyè. Li pase tout nwit lan ap lapriyè.
Luke 24:29Yo kenbe l', yo di li: Rete avèk nou non. Solèy fin kouche, pral fènwa. Li antre pou l' rete ak yo.
John 4:40Se konsa, lè yo rive bò kote li, yo mande l' pou l' rete avèk yo. Jezi pase de jou nan lavil la.