Lik 6:48
L'ap tankou yon nonm k'ap bati yon kay; li fouye tè a byen fon, li moute fondasyon kay la sou wòch. Dlo desann, lavalas frape kay la. Men, kay la pa brannen paske li te byen bati.
Bib La
In The King James Version
In Context
47Moun ki vin jwenn mwen, ki tande pawòl mwen epi ki fè sa mwen di fè, men ki jan l'ap ye:
Cross References
Deuteronomy 32:15Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.
Deuteronomy 32:31Lènmi yo konn byen pwòp bondye k'ap pwoteje yo a pa ka parèt devan Bondye pèp Izrayèl la.
2 Samuel 22:2Li di konsa: -Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'.
2 Samuel 22:32Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki defans nou si se pa Bondye nou an?
2 Samuel 23:3Bondye pèp Izrayèl la pale. Moun k'ap pwoteje pèp Izrayèl la di m' konsa: Chèf k'ap gouvènen san patipri, k'ap gouvènen avèk krentif pou Bondye,
Psalms 46:1(046:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (046:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.