Luke 7:34
Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, nou di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase l' konnen; se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Jan Batis vini, li pa manje pen, ni li pa bwè diven, nou di: Li gen yon move lespri sou li.
Cross References
Luke 5:29Apre sa, Levi fè yon gwo resepsyon lakay li pou Jezi. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun ankò ki te chita bò tab la avèk yo.
Luke 11:37Lè Jezi fin pale, yon farizyen envite l' vin manje lakay li. Jezi antre, li al chita bò tab la.
Luke 15:2Farizyen yo ak dirèktè lalwa yo t'ap babye. Yo t'ap di: Nonm sa a ap resevwa moun k'ap fè sa ki mal, epi l'ap manje ak yo.
John 2:2yo te envite Jezi ak disip li yo nan nòs la tou.