Luke 7:44
Epi li vire bò fanm lan, li di Simon: Ou wè fanm sa a? Mwen antre lakay ou, ou pa menm ban m' dlo pou m' lave pye m'; men li menm, li lave pye m' ak dlo ki soti nan je l'. Apre sa, li siye yo ak cheve li.
Bib La
In The King James Version
In Context
43Simon reponn li: Mwen ta kwè se nonm ki te dwe l' plis la. Jezi di l': Ou byen reponn.
45Ou pa te bo m' lè m' t'ap antre lakay ou; men li menm, depi mwen antre se bo l'ap bo pye m'.
Cross References
Genesis 18:4Kite m' mande yo pote ti gout dlo pou lave pye ou. Lèfini, w'a pran yon ti repo anba pyebwa sa a.
Genesis 43:24Chèf domestik la mennen mesye yo lakay Jozèf. Li ba yo dlo pou yo lave pye yo, li bay bourik yo manje.
1 Samuel 25:41Abigayèl leve, li lage kò l' ajenou, li bese tèt li atè epi li di: -Se domestik li mwen ye, mwen tou pare pou m' lave pye moun pa l' yo.
James 2:6Men, nou menm, se meprize n'ap meprize moun pòv yo! Eske se pa moun rich yo k'ap kraze nou, k'ap trennen nou nan tribinal?