Luke 8:16
Pesonn pa limen yon lanp pou l' kouvri l' anba yon mamit, osinon pou l' mete l' anba yon kabann. Li mete l' sou yon etajè. Konsa, moun k'ap antre yo kapab wè limyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Nanpwen anyen ki kache ki p'ap devwale, nanpwen sekrè pou moun pa rive konnen, ki p'ap parèt aklè.
Cross References
Matthew 5:15Ni yo pa limen yon lanp pou mete l' anba yon mamit. Men, yo mete l' sou yon etajè, pou l' klere pou tout moun ki nan kay la.
Luke 11:33Pa gen moun ki pou kache yon lanp nan yon kwen osinon ki pou mete l' anba yon mamit lè l' fin limen li. Okontrè, l'ap mete l' sou yon etajè pou tout moun k'ap antre ka wè limyè a.
Philippians 2:15pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou bon pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann moun malonèt ak bann mechan sa yo ki sou latè. Se pou nou klere nan mitan yo tankou zetwal nan syèl la,
Revelation 11:4De temwen yo se de pie oliv ak de lanp ki kanpe la devan Mèt tout latè a.