Malachi 2:3
Mwen pral touye pitit nou yo. Mwen pral voye salte, tripay bèt nou ofri yo nan figi nou. Lèfini, m'ap voye nou jete ansanm ak yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 2:29Pouki nou pa respekte bèt yo touye pou mwen ak ofrann mwen te bay lòd pou pèp la fè nan Tanp mwen an? Poukisa, ou menm Eli, ou gen pitit ou yo plis krentif pase m', kifè ou kite yo ap gra ak pi bon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo ap fè pou mwen?
1 Kings 14:10Se poutèt sa, Jewoboram, mwen pral fè malè tonbe sou fanmi ou. Mwen pral touye dènye gason nan fanmi ou, timoun kou granmoun. M'ap disparèt fanmi ou nèt nan peyi Izrayèl, y'ap bale yo voye jete tankou yo jete poupou.
Job 20:7y'ap rete konsa, y'ap disparèt tankou yon pil fatra yo boule. Moun ki te konnen yo va mande kote yo pase.
Psalms 83:10(083:11) Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a.
Joel 1:10Tout jaden yo blanch. Tè a nan lapenn. Tout pye ble yo fin mouri. Pye rezen yo cheche. Pye oliv yo rabougri.
Nahum 3:6Mwen pral kouvri ou ak salte. Mwen pral avili ou, pou tout moun ka wè jan ou pa bon.