Mak 1:14
Apre yo te fin mete Jan nan prizon, Jezi ale nan peyi Galile pou l' te fè konnen Bon Nouvèl Bondye voye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 4:12Lè Jezi tande yo te mete Jan Batis nan prizon, li wete kò l', li ale nan peyi Galile.
Matthew 9:35Jezi t'ap mache nan tout lavil yo ak tout ti bouk yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap fè konnen Bon Nouvèl Peyi kote Bondye Wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.
Matthew 14:2Li di moun ki t'ap travay avè l' yo: Se Jan Batis wi! Se li ki leve vivan nan lanmò. Se poutèt sa li ka fè tout mirak sa yo.
Luke 4:17Yo renmèt li liv pwofèt Ezayi a. Lè li louvri l', li jwenn kote ki te ekri:
Luke 8:1Apre sa, Jezi mache ale nan tout lavil yo ak nan tout bouk yo. Li t'ap mache bay mesaj la, li t'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a. Douz disip yo te toujou avè li.
Acts 20:25Mwen pase kèk tan nan mitan nou ap anonse Gouvènman Bondye ki wa a. Men, koulye a, mwen konnen nou yonn p'ap janm wè m' ankò.