Mak 10:32
Lè sa a, yo te pran chemen moute lavil Jerizalèm, Jezi t'ap mache devan yo. Yon sèl kè sere pran disip yo. Tout moun ki t'ap swiv yo te pè tou. Jezi pran douz disip yo apa ankò, li kòmanse di yo sa ki te gen pou rive li.
Bib La
In The King James Version
In Context
31Men, anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè, anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan.
Cross References
Matthew 11:25Lè sa a, Jezi di: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.
Matthew 20:17Apre sa, Jezi t'ap moute Jerizalèm. Antan li t'ap mache sou wout la, li pran douz disip li yo apa, li di yo:
Luke 9:51Dat pou Jezi te moute nan syèl la t'ap pwoche. Lè sa a li pran desizyon l', li pran chemen Jerizalèm.
Luke 18:31Jezi pran douz disip yo apa, li di yo: Tande, men n'ap moute Jerizalèm kote tou sa pwofèt yo te ekri sou Moun Bondye voye nan lachè a pral rive.
John 11:16Lè sa a, Toma (yo te rele Jimo a) di lòt disip yo: Ann ale tou ansanm ak Mèt la pou n' ka mouri ansanm avè li.