Mak 11:14
Lè sa a, Jezi pale ak pye fig frans lan, li di li: -Pesonn p'ap janm manje fig ou donnen ankò. Disip yo te tande sa l' te di a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 6:4Koute byen, nou menm pep Izrayèl! Seyè a, Bondye nou an, se li ki sèl mèt.
Isaiah 5:5Enben! M'ap fè nou konnen sa mapral fè jaden rezen mwen an. Mwen pral kraze tout lantiray li a pou bèt antre vin manje l', pou yo kraze l' anba pye yo.
Matthew 7:19Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife.
Matthew 21:19Li wè yon pye fig frans bò wout la, li pwoche bò kote l'. Men se fèy ase li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig frans lan: Ou p'ap janm donnen ankò. Menm lè a, pye fig frans lan cheche.
Matthew 21:44Moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren li. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou li, li gen pou l' kraze l' an miyèt moso.
John 15:6Moun ki pa fè yonn ak mwen, y'ap koupe l' voye jete; l'ap cheche tankou yon branch bwa. Lè branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo.