Mak 15:1
Nan granmaten, chèf prèt yo fè yon reyinyon avèk chèf fanmi yo, dirèktè lalwa yo ansanm ak tout manm Gran Konsèy jwif yo pou pran yon desizyon. Apre yo fin mare Jezi, yo mennen l' ale; yo renmèt li bay Pilat.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Pilat menm mande li: -Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: -Se ou ki di li.
Cross References
Psalms 2:2Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a.
Matthew 20:18Tande. Men n'ap moute Jerizalèm kote yo pral lage m', mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m' amò,
Mark 10:33Li di yo: -Tande! Men n'ap moute lavil Jerizalèm, kote yo pral lage m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ak nan men dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m' amò, y'ap lage m' bay moun lòt nasyon yo.
Luke 22:66Lè l' fin fè jou, tout chèf fanmi yo, chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo reyini. Yo fè mennen Jezi devan Gran Konsèy jwif yo.
John 18:28Apre sa, soti kay Kayif, yo mennen Jezi nan palè Gouvènè a. Se te granmtimaten. Men, jwif yo pa t' antre nan palè a. Yo pa t' vle mete tèt yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye yo. Sa ta ka anpeche yo manje manje Delivrans lan.
Acts 4:5Nan denmen, chèf jwif yo, chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo sanble nan Jerizalèm.