Mak 2:17
Jezi tande sa, li di yo konsa: -Lè yon moun an sante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. Enben, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye yo, men moun k'ap fè sa ki mal yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 55:7Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Seyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè.
Matthew 18:10Atansyon: Piga nou meprize yon sèl nan ti piti sa yo. Paske m'ap di nou sa: zanj gadyen yo ki nan syèl la, se tout tan yo la devan Papa m' ki nan syèl la.
Luke 15:7Konsa tou, m'ap di nou, va gen plis kontantman nan syèl la pou yon sèl moun ki t'ap fè sa ki mal epi ki tounen vin jwenn Bondye, pase pou katrevendisnèf moun k'ap mache dwat, ki pa bezwen tounen vin jwenn Bondye.
Luke 15:29Men, gran frè a reponn papa a: Gade tout tan mwen genyen depi m'ap sèvi ou; mwen pa janm derespekte lòd ou. Men, ou pa janm ban m' yon ti kabrit menm pou m' fè fèt ak zanmi m' yo.
Luke 19:10Moun Bondye voye nan lachè a vin chache sa ki te pèdi pou l' delivre yo.
John 9:40Te gen kèk farizyen la avèk li. Lè yo tande pawòl sa yo, yo mande l': Eske nou menm tou, nou avèg?