Mak 3:4
Epi li di moun ki t'ap gade l' yo: -Kisa lalwa nou an pèmèt moun fè jou repo a? Byen osinon mal? Sove lavi yon nonm osinon kite l' mouri? Men yo pa louvri bouch yo reponn li.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Jezi di nonm men pòk la: -Leve, vin kanpe la a nan mitan nou.
Cross References
Hosea 6:6Mwen ta pito wè nou renmen m' tout bon pase pou n'ap fè tout ofrann bèt sa yo ban mwen. Mwen ta pito wè nou chache konnen m' vre, mwen menm Bondye nou an, pase pou n'ap boule tout bèt sa yo pou mwen.
Mark 2:27Jezi di yo ankò: -Jou repo a te fèt pou moun; se pa moun ki te fèt pou jou repo a.
Luke 6:9Apre sa, Jezi di moun yo: M'ap mande nou kichòy: Kisa lalwa a pèmèt moun fè jou repo a? Byen oswa mal? Sove lavi yon moun osinon kite l' mouri?
Luke 14:1Yon jou repo, Jezi te al lakay yonn nan chèf farizyen yo pou l' manje. Moun ki te la yo t'ap veye li.