Mak 4:40
Apre sa, li di yo: -Men, poukisa nou pè konsa? Nou poko gen konfyans toujou?
Bib La
In The King James Version
And he said unto them, Why are ye so fearful? how is it that ye have no faith?
In Context
Cross References
Psalms 46:1(046:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (046:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Isaiah 43:2Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
Matthew 8:26Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Ala moun manke konfyans! Apre sa, Jezi leve kanpe, li pale byen fò ak van an ansanm ak dlo a. Lamenm yon gwo kalmi fèt.
Matthew 16:8Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: Poukisa nou yonn ap di lòt se paske nou pa pote pen kifè m'ap di sa? Ala nou manke konfyans nan Bondye!
John 6:19Yo te gen tan naje zaviwon senk a sis kilomèt konsa deja, lè yo wè Jezi ki t'ap vin bò kannòt la. Li t'ap mache sou dlo a. Yo tout te pè.