Mak 4:5
Yon pati tonbe nan mitan wòch, kote ki pa t' gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske tè a pa t' fon.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Pandan li t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo vini, yo manje yo.
6Men, lè solèy la chofe, li boule ti plant yo. Yo cheche paske rasen yo pa t' fon.
Cross References
Ezekiel 11:19M'ap ba yo yon lòt kè, yon lòt lespri. M'ap wete kè di kou wòch yo te genyen nan lestonmak yo a, m'ap ba yo yon kè ki gen bon santiman.
Hosea 10:12Mwen te di yo: Kenbe kè nou nan kondisyon pou nou sèvi Bondye. Fè sa ki dwat devan Bondye. Konsa n'a rekòlte benediksyon m'ap ban nou paske n'ap sèvi m' ak tout kè nou. Fè bwa nèf. Wi, li lè pou nou tounen vin jwenn mwen. M'a vini, m'a vide benediksyon sou nou tankou lapli.
Matthew 13:5Yon pati grenn tonbe nan mitan wòch, kote ki pa t' gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske yo pa t' antre fon anba tè a.
Mark 4:16Konsa tou, gen lòt ki resevwa grenn yo tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan.
Luke 8:13Gen lòt moun ki sanble tè ki gen anpil wòch la. Yo tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan; men yo pa kite l' pouse rasin, yo pa kwè l' pou lontan. Lè eprèv tonbe sou yo, yo vire do bay Bondye.