Mak 7:18
Li di yo: -Nou menm tou, nou san konprann toujou? Nou pa konprann pawòl sa a: Tout bagay ki sot deyò antre anndan yon moun pa kapab mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Lè l' fin kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo mande l' esplike yo parabòl sa a.
Cross References
Jeremiah 5:4Mwen di nan kè m': Se yon bann tèt mare ki pa konprann anyen, yo fin fou! Yo pa konnen ni sa Seyè a mande yo fè, ni sa Bondye yo a vle yo fè.
Matthew 16:11Ki jan nou fè konprann se sou pen mwen t'ap pale nou, lè mwen di nou: pran prekosyon nou ak ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo?
Luke 24:25Lè sa a Jezi di yo: Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou kwè tou sa pwofèt yo te di konsa!
1 Corinthians 3:2Mwen te blije moutre nou ti bagay tou senp, tankou lè yo bay timoun piti lèt, yo pa ba yo gwo manje. Paske nou pa t' ankò pare pou sa. Ata koulye a, nou poko pare.