Mak 8:22
Apre sa, y' ale Betsayda. Yo mennen yon nonm avèg bay Jezi. Yo mande li pou l' te manyen li.
Bib La
In The King James Version
And he cometh to Bethsaida; and they bring a blind man unto him, and besought him to touch him.
In Context
21Lè sa a li di yo: -Nou pa konprann toujou?
Cross References
Matthew 8:15Jezi manyen men madanm lan, lamenm lafyèv la kite li. Madanm lan leve, li resevwa li.
Matthew 11:21Li di yo: Malè pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou moun lavil Betsayda! Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Tir ak lavil Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta mete rad sak sou yo. Yo ta kouvri kò yo ak sann dife pou fè wè yo vle tounen vin jwenn Bondye.
Mark 5:27Li te tande pale sou Jezi. Li fofile kò l' nan foul la pa dèyè Jezi, epi li manyen ke rad li.
Mark 6:55Pèp la kouri nan tout peyi a; yo pote malad yo tou kouche sou nat ba li kote yo tande li te ye a.
Luke 10:13Malè pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou tou, moun lavil Betsayda! Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se te nan mitan lavil Tir ak lavil Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta chita atè, yo ta mete rad sak sou yo, yo ta kouvri kò yo ak sann dife pou fè wè yo vle tounen vin jwenn Bondye.
John 12:21Y' al jwenn Filip (ki te moun Betsayda nan peyi Galile), yo di l' konsa: Msye, nou ta renmen wè Jezi.