Matthew 10:14
Si yo pa vle resevwa nou, si yo pa vle koute pawòl nou, soti nan kay la, osinon nan lavil la, al fè wout nou. Souke pousyè pye nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Nehemiah 5:13Apre sa, mwen pran ti sak ki te mare nan ren mwen an, mwen vire l' tèt anba, mwen souke l', epi mwen di: -Se pou Bondye pran nenpòt nan nou ki pa kenbe pwomès li, pou l' souke l' konsa tou. Bondye ap pran kay li ak tout lòt byen li genyen, l'ap kite l' san anyen. Tout moun ki te la yo reponn: -Amèn! Se sa menm! Se sa menm! Apre sa, yo fè lwanj Seyè a. Se konsa tout pèp la te kenbe pwomès yo te fè a.
Matthew 18:5Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a, se mwen menm li resevwa.
Mark 9:37-Nenpòt moun ki resevwa yon timoun konsa poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m', se pa mwen li resevwa, men se moun ki voye m' lan li resevwa.
Luke 9:48Epi li di yo: Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan tou. Moun ki pi piti nan mitan nou tout la a, se li ki pi grannèg.
John 13:20Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki resevwa moun mwen voye a, li resevwa m' tou. Moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan.
Acts 18:6Men, jwif yo pran kenbe tèt avèk li, yo t'ap joure l'. Lè l' wè sa, li souke pousyè ki te sou rad li, epi l' di yo: Si nou peri, se nou ki chache sa. Se p'ap fòt mwen. Depi koulye a m'ap vire kò m' bò kot moun ki pa jwif yo.