Matie 10:28
Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 119:120M'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo.
Ecclesiastes 8:12Yon moun k'ap fè sa ki mal gen dwa fè san (0100) krim, yonn sou lòt, epi l'ap toujou mache sou moun. Men, mwen konnen yo di tou: Si ou gen krentif pou Bondye, w'ap viv ak kè kontan, paske ou respekte Bondye.
Isaiah 51:7Nou menm ki konnen sa ki dwat, koute sa m'ap di nou. Nou menm ki kenbe lòd mwen yo nan kè nou, nou pa bezwen pè lè moun ap trennen nou nan labou, nou pa bezwen tranble lè moun ap joure nou.
Isaiah 66:2Se mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men mwen. Se pou mwen yo tout ye! Se Seyè a menm ki di sa. Moun ki fè m' plezi se moun ki pa gen lògèy nan kè yo, se moun ki règrèt sa yo fè ki mal, se moun ki gen krentif pou mwen lè m' pale.
Daniel 3:10Monwa, ou fè pibliye yon lòd ki mande pou tout moun mete ajenou, pou yo adore estati lò a, lè y'a tande twonpèt ak tout lòt enstriman mizik yo ap jwe.
Matthew 10:26Se sak fè nou pa bezwen pè pesonn. Pa gen anyen ki kache ki p'ap dekouvri yon lè. Nanpwen sekrè ki p'ap devwale.