Matthew 10:37
Moun ki renmen papa l' osinon manman l' plis pase m' pa kapab moun pa m'. Moun ki renmen pitit gason l' osinon pitit fi l' plis pase m' pa kapab moun pa m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
36Se pwòp fanmi nou ki va pi gwo lènmi nou.
38Moun ki pa pran kwa l' pou l' swiv mwen, li pa kapab moun pa m' non plis.
Cross References
Deuteronomy 33:9Yo pa konn papa! Yo pa konn manman! Yo pa konn frè! Yo pa konn pitit! Se lòd ou yo y'ap swiv, se kontra ou la y'ap kenbe fèm.
Matthew 22:37Jezi reponn li: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye, ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou.
Luke 20:35Men, fanm ak gason ki merite pou yo leve soti vivan nan lanmò pou yo ka patisipe nan lavi k'ap vini an, moun sa yo pa nan marye ankò.
John 5:23Konsa, tout moun va gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Moun ki pa respekte Pitit la, li pa gen respè pou Papa ki voye l' la non plis.
2 Corinthians 5:14Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m': mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè li.
2 Thessalonians 1:5Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte koulye a, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa.