Matthew 10:4
Te gen Simon, patriyòt la ak Jida Iskariòt, nonm ki te lage Jezi nan men lènmi l' yo.
Bib La
In The King James Version
Simon the Canaanite, and Judas Iscariot, who also betrayed him.
In Context
3Te gen Filip ak Batèlmi, Toma ak Matye, pèseptè kontribisyon an, Jak, pitit Alfe a, ak Tade.
Cross References
Matthew 26:47Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen avèk li yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avèk li. Se chèf prèt yo ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la ki te voye yo avèk li.
Mark 3:18Te gen Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak, pitit Alfe a, Tade, Simon, patriyòt la,
Mark 14:43Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avèk li: se chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo ki te voye yo avèk li.
Luke 22:3Lè sa a, Satan antre nan tèt Jida yo te rele Iskariòt la, yonn nan douz disip yo.
John 6:71Li t'ap pale sou Jida, pitit Simon Iskariòt la. Paske, atout Jida te yonn nan douz disip yo, se li ki tapral trayi li.
John 13:26Jezi reponn li: Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun wa wè m'a lonje l' bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l', li lonje l' bay Jida, pitit Simon Iskariòt la.