Matie 12:46
Jezi t'ap pale ak foul moun yo toujou lè manman l' ak frè l' yo vin rive. Yo rete deyò, yo t'ap chache yon jan pou yo te pale avè l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
47Se konsa yon moun di Jezi: Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo ta renmen pale avè ou.
Cross References
Matthew 2:11Yo antre nan kay la, yo wè ti pitit la ansanm ak Mari, manman li. Yo mete ajenou devan l', yo adore l'. Apre sa, yo louvri sak yo, yo ba li anpil kado: te gen lò, lansan ak lami.
Matthew 2:20Zanj lan di l': Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l', tounen nan peyi Izrayèl la. Paske, moun ki te vle touye ti pitit la, yo mouri.
Mark 2:21Pesonn pa pyese yon vye rad ak yon moso twal nèf. Si ou fè sa, moso nèf la va pati ak yon bò nan vye rad la. Lè sa a, rad la chire pi mal.
Mark 6:3Se pa ti bòs chapant pitit Mari a? Se pa frè Jak, Jòz, Jid ak Simon an? Apa tout sè l' yo la avèk nou? Se sa ki fè li te tounen pou yo yon okazyon tonbe nan peche.
Luke 2:33Papa ak manman Jezi te sezi tande sa Simeyon t'ap di sou pitit yo a konsa.
Luke 2:51Apre sa, li desann ak yo, li tounen Nazarèt. Li te soumèt devan yo. Manman l' menm te kenbe tout bagay sa yo nan kè li.