Matie 14:20
Tout moun manje vant plen. Apre sa, disip yo plen douz panyen ak ti moso ki te rete, yo pote ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Te gen senkmil (5,000) gason konsa ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.
Cross References
Exodus 16:12-Mwen tande jan moun pèp Izrayèl yo ap plenyen. Men sa pou ou di yo: Aswè a, anvan li fin fè nwa, n'a gen vyann pou nou manje. Denmen maten, n'a gen pen kantite nou bezwen. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki Bondye nou.
1 Kings 17:12Madanm lan reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye ou la ki vivan an, pou temwen, mwen pa gen pen tou kwit lakay mwen. Tou sa m' genyen se yon ponyen farin frans nan yon ti bòl ak tigout lwil nan yon boutèy. Mwen vin ranmase de ti bwa la a pou m' al pare ti sa ki rete m' lan pou mwen ak pitit gason m' lan. Lè n'a fin manje l', nou pral rete konsa jouk grangou touye nou.
2 Kings 4:43Men domestik la di l': —Ki jan pou m' rive bay san moun manje ak ti pwovizyon sa a? Elize reponn li: —Ba yo l' pou yo manje, paske Seyè a di y'ap manje kont yo, y'ap kite rès.
Ezekiel 4:14Lè sa a, mwen di: -O non! Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen pa janm manje manje ou defann moun manje. Depi m' piti, mwen pa janm manje vyann bèt ki mouri toufe, ni vyann bèt lòt bèt touye. Non, mwen pa janm mete nan bouch mwen vyann ou defann moun manje!
Matthew 5:6Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l' la, paske Bondye va ba yo sa yo vle a.
Matthew 15:37Tout moun te manje plen vant yo. Disip yo plen sèt panyen pote ale ak moso ki te rete yo.