Matie 15:11
Se pa bagay ki antre nan bouch yon moun ki ka mete l' nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye. Men se sak soti nan bouch li ki ka mete l' nan kondisyon sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Apre sa, li rele foul moun yo, li di yo: Koute byen sa m'ap di nou la a, manyè konprann sa:
Cross References
Psalms 10:7Tout pawòl li se madichon, se manti, se twonpe moun. Li cho konsa pou l' pale moun mal, pou l' di gwo mo.
Psalms 52:2(052:4) W'ap kalkile ki jan pou fè moun mal. Lang ou tankou yon razwa byen file, ou toujou ap fè manti sou moun.
Isaiah 37:23Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fò konsa? Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Isaiah 59:13Nou te vire do bay Seyè a, nou voye l' jete. Nou derefize koute l'. Nou tòde men frè parèy nou, nou revòlte kont Bondye. Se move lide ase nou te gen nan kè nou. Se manti ase nou t'ap kalkile nan tèt nou.
Matthew 12:34Bann vèmen! nou twò mechan. Bon pawòl pa ka soti nan bouch nou. Sa ki nan kè yon moun, se sa ki soti nan bouch li.
Mark 7:15Se pa bagay deyò ki antre anndan yon moun lè l'ap manje ki kapab mete l' nan kondisyon pou li pa ka sèvi Bondye.