Matie 15:32
Jezi rele disip li yo, li di: Kè m' fè m' mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m', yo pa gen anyen pou yo manje ankò. Mwen pa vle voye yo ale konsa san manje. Yo ka tonbe feblès nan chemen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Disip yo mande li: Nan dezè sa a, ki bò pou nou jwenn pen pou bay tout moun sa yo manje?
Cross References
1 Samuel 30:11Mesye ki t' ale avèk David yo jwenn yon moun peyi Lejip nan zòn lan. Yo mennen l' bay David. Yo ba li manje, yo ba li bwè.
Matthew 9:36Lè Jezi wè tout bann moun sa yo, kè l' fè l' mal pou yo paske li wè yo te bouke, yo te dekouraje, tankou yon bann mouton san gadò.
Matthew 14:14Lè Jezi desann soti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, li pran geri moun malad yo.
Matthew 27:63Yo di li: Chèf, nou chonje lè nonm ki t'ap bay manti a te vivan, li te di apre twa jou li pral leve soti vivan.
Mark 9:22Anpil fwa menm, move lespri a jete l' nan dife, osinon nan dlo pou touye li. Men, si ou kapab fè kichòy, tanpri, ede nou. Gen pitye pou nou!
Luke 12:29Pa bay kò nou traka pou n' toujou ap chache sa pou n' manje ak sa pou n' bwè.