Matthew 18:9
Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache li voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl grenn je, pase pou ou rete ak tou de je ou epi pou yo jete ou nan dife lanfè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 5:22Men, mwen menm, men sa m'ap di nou: Nenpòt moun ki ankòlè sou frè l', se pou yo jije li. Moun ki joure frè l' enbesil, se pou yo jije l' devan Gran Konsèy la. Si yon moun di frè l' moun fou, li bon pou yo jete l' nan dife lanfè a.
Matthew 16:26Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l' gen lavi?
Matthew 19:17Jezi reponn li: Poukisa w'ap poze m' keksyon sou sa ki bon? Se yon sèl ki bon. Si ou vle antre nan lavi a, se pou ou fè sa kòmandman yo mande. Nonm lan mande li: Kilès kòmandman sa yo?
Mark 9:47Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l' voye l' jete. Pito ou antre nan Peyi kote Bondye Wa a ak yon sèl je, pase pou ou rete ak tou de je ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè.
Acts 14:22Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a.
Revelation 21:27Men, anyen ki pa bon pou sèvis Bondye p'ap antre nan lavil la. Ni yo p'ap kite moun k'ap fè bagay ki bay degoutans, moun k'ap bay manti, mete pie yo nan lavil la. Moun ki va antre nan lavil la, se sèlman moun ki gen non yo ekri nan liv ki nan men ti Mouton an, liv ki gen non moun ki gen lavi a.