Matie 2:13
Lè nèg save yo fin ale, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi. Zanj lan di l' konsa: Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l'. Sove ale nan peyi Lejip. Wa rete la jouk lè m'a di ou pou ou tounen. Paske, Ewòd pral chache touye ti pitit la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 2:2Madanm li vin ansent, li fè yon pitit gason. Lè li wè jan ti pitit la te bèl, li kache l' pandan twa mwa.
Joshua 3:17Pandan pèp la t'ap janbe lòt bò san tak dlo pa mouye pye yo, prèt yo te rete kanpe nan mitan larivyè a avèk Bwat Kontra a. Pa t' gen tak dlo kote yo te ye a. Yo rete kanpe la jouk tout pèp la te fin pase nèt.
Joshua 4:18Soti prèt yo soti nan larivyè a, lè pye yo touche tè sèk sou rivaj la, dlo larivyè a konmanse koule ankò jan li te toujou koule anvan an. Li gonfle moute rive jouk sou rivaj li yo.
Job 33:15Lè moun kouche nan kabann yo, lè yo fon nan dòmi lannwit, Bondye pale ak yo nan rèv, nan vizyon.
Daniel 3:25Wa a di yo ankò: -Ki jan fè se kat moun mwen wè k'ap mache nan dife a? Yo yonn pa mare. Dife a pa fè yo anyen. Katriyèm moun lan menm sanble yon pitit bondye yo.
Matthew 2:12Apre sa, Bondye pale ak nèg save yo nan dòmi, li avèti yo pou yo pa tounen bò kote Ewòd ankò. Se konsa mesye yo fè yon lòt wout pou yo tounen al nan peyi yo.