Matie 20:15
Eske m' pa gen dwa fè sa m' vle ak lajan mwen? Osinon, èske sa fè ou mal si m' gen bon kè?
Bib La
In The King James Version
Is it not lawful for me to do what I will with mine own? Is thine eye evil, because I am good?
In Context
16Apre sa, Jezi di yo ankò: Se konsa moun ki dèyè yo va pran devan, moun ki devan yo va rete dèyè nèt.
Cross References
Exodus 33:19Lè sa a Seyè a reponn li: -M'ap fè ou wè jan m' gen bon kè, m'ap nonmen non m' devan ou. M'ap fè moun mwen vle gras, m'ap gen pitye pou moun mwen vle gen pitye.
Deuteronomy 15:9Pa kite ankenn move lide pase nan tèt nou pou nou ta di: Nou toupre setyèm lanne a, lanne pou nou annile dèt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fè move jan ak frè parèy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l' anyen. Paske lè sa a, l'a rele Seyè a, l'a pale l' pou nou, epi n'a gen tò.
1 Chronicles 28:4Men se mwen menm Seyè a, Bondye Izrayèl la, te chwazi nan mitan tout fanmi m' yo pou fè m' wa peyi Izrayèl la pou tout tan. Li te chwazi branch fanmi Jida a pou pran kòmandman peyi a. Nan branch fanmi Jida a, li chwazi fanmi papa m'. Nan fanmi papa m', sa te fè l' plezi pou l' chwazi m' pou l' mete m' wa sou tout peyi Izrayèl la.
Proverbs 28:22Moun ki anvi tout toujou ap prese pou yo rich. Yo pa wè grangou k'ap tann yo pi devan.
Jonah 4:1Jonas pa t' kontan menm lè li wè sa, sa te fè l' fache anpil.
Matthew 11:25Lè sa a, Jezi di: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.