Matie 20:4
Li di yo: Nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m' lan, m'a peye nou pou sa n'a fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Li soti ankò vè nevè nan maten, li wè kèk lòt moun ki te kanpe sou plas la san yo p'ap fè anyen.
Cross References
Matthew 21:23Jezi antre nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo avèk chèf fanmi ki t'ap dirije pèp jwif la vin di li: Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite sa a?
Romans 6:16Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l' esklav pou n' obeyi l', nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fè nou mache dwat devan Bondye.
Colossians 4:1Nou menm mèt yo, aji byen ak domestik nou yo, san fè okenn lenjistis. Chonje byen, nou menm tou nou gen yon mèt nan syèl la.
Titus 3:8Sa se pawòl sèten. Mwen ta renmen ou peze sou bagay sa yo anpil pou tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye ka okipe tout tan yo ap fè sa ki byen. Se bagay konsa ki bon, ki kapab sèvi tout moun.
1 Peter 4:2Se pou li viv ti rès tan li gen pou l' viv sou tè a dapre egzijans volonte Bondye, pa dapre egzijans lachè.