Matthew 20:8
Lè solèy fin kouche, mèt jaden an di jeran l' lan: Rele travayè yo, peye yo lajan yo. Kòmanse ak sa ki te vin an dènye yo pou fini ak premye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 39:4Potifa te kontan ak Jozèf ak jan li t'ap sèvi li. Li mete l' reskonsab kay li, li renmèt li tout sa li te genyen.
Leviticus 19:13Piga nou pwofite sou moun menm ras ak nou. Lè lè pou nou peye moun ki travay pou nou an rive, peye l' lajan l'. Piga nou voye l' pou denmen maten.
Ruth 2:6Nonm lan reponn: -Se yon fi moun lòt peyi li ye. Se li menm ki te vini ansanm ak Naomi lè li te tounen soti nan peyi Moab.
Matthew 25:19Lontan apre sa, mèt domestik yo tounen, li pran fè regleman ak yo.
Luke 8:3Te gen Jan, madanm Chouza, yonn nan jeran Ewòd yo. Te gen Sizan ak anpil lòt ankò. Yo tout yo t'ap ede Jezi ansanm ak disip li yo ak sa yo te genyen.
Luke 12:42Jezi reponn li: Ki moun ki ka di li se yon jeran ki fè tout travay li byen, epi ki konn kenbe tèt li anplas? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou tout moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje.