Matie 21:12
Jezi antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Foul moun yo menm t'ap reponn yo: Se pwofèt Jezi, moun Nazarèt nan peyi Galile a.
Cross References
Exodus 30:13Chak moun y'a konte nan resansman an va peye de goud edmi, dapre jan yo konte lajan nan kote ki apa pou Bondye a. Chak moun va peye sa tankou yon ofrann yo mete apa pou Seyè a.
Leviticus 5:7Men, si nonm lan pa ka bay yon mouton osinon yon kabrit, l'a pote yon pè toutrèl osinon yon pè pijon pou peye pou peche a. L'a ofri yo bay Seyè a, yonn pou yo touye pou peche a, lòt la pou yo boule nèt sou lotèl la.
Leviticus 12:6Lè li fin pase kantite jou pou l' pase a, kit se pou yon pitit gason, kit se pou yon pitit fi, fanm lan va pran yon ti mouton ki poko gen ennan ak yon jenn ti pijon osinon yon toutrèl, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Ti mouton an va sèvi ofrann yo boule nèt pou Bondye a. Ti pijon an osinon ti toutrèl la va sèvi ofrann pou mande Bondye padon pou sa l' te fè ki mal.
Leviticus 14:22L'a pote de ti toutrèl tou osinon de ti pijon, jan mwayen li va penmèt li, yonn pou sèvi ofrann pou mande padon, lòt la pou boule nèt pou Seyè a.
Leviticus 15:14Sou wityèm jou a, l'a pran de toutrèl osinon de pijon, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a.
Deuteronomy 14:24Men, si kote Seyè a chwazi pou fè sèvis pou li a twò lwen lakay nou, kifè vwayaj la ap twòp pou nou, nou pa ka pote ladim rekòt Bondye ban nou pou benediksyon an,