Matie 21:43
Se poutèt sa mwen di nou: y'a wete Peyi kote Bondye Wa a nan men nou, y'a pran l' bay moun yon lòt nasyon ki va bay rannman pou Peyi Wa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 26:2Louvri pòtay lavil yo! Kite nasyon ki toujou kenbe pawòl li ak Bondye a, nasyon ki fè sa ki dwat devan Bondye a antre.
Matthew 8:11Mwen p'ap kache di nou sa: anpil moun va soti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Matthew 21:41Yo reponn li: Li p'ap gen pitye pou yo. La fè touye malveyan sa yo, la pran jaden rezen an bay lòt jeran ki va ba l' pòsyon pa l' nan rekòt la lè sezon an va rive.
John 3:3Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa.
1 Corinthians 13:2Menm si mwen ta gen don pou m' fè konnen mesaj ki soti nan Bondye, menm si mwen ta gen tout kalite konesans, menm si mwen ta konprann tout ti sekrè ki kache, menm si mwen ta gen konfyans anpil nan Bondye pou m' fè mòn yo chanje plas, si m' pa gen renmen nan kè m', mwen pa anyen.