Matie 23:27
Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou sanble tonm yo blanchi nan simityè. Deyò yo parèt byen bèl, anndan yo plen ak zosman mò ak tout kalite vye bagay pouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Farizyen avèg! Pwòpte anndan gode a ak anndan plat la anvan. Se lè sa a deyò yo va pwòp tou.
Cross References
Numbers 19:16Konsa tou, depi yon moun k'ap mache nan jaden manyen kadav yon moun mouri, kit moun lan mouri mò natirèl, kit se ansasinen yo te ansasinen l', osinon depi yon moun manyen zosman yon moun mouri oswa tonm kote yo antere yon moun mouri, moun sa a p'ap nan kondisyon pou l' sèvi Bondye pandan sèt jou.
Luke 11:44Malè pou nou! Paske, nou tankou tonm ki ra tè: moun ap mache sou yo san yo pa konnen.