Matie 23:8
Men, nou menm, pa fè moun rele nou Mèt, paske se yon sèl mèt nou genyen. Apa sa, nou tout se frè.
Bib La
In The King James Version
But be not ye called Rabbi: for one is your Master, even Christ; and all ye are brethren.
In Context
7Yo renmen pou moun di yo bonjou jouk atè lè yo sou plas piblik, pou moun rele yo: Mèt, Mèt.
9Pa rele pesonn sou latè papa, paske nou gen yon sèl papa: sa ki nan syèl la.
Cross References
Matthew 10:25Si yon elèv rive fò tankou mèt li, sa kont pou li; si yon domestik rive tankou patwon li, sa kont pou li. Si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, se pa lòt moun nan kay la yo p'ap bay pi move non toujou!
Matthew 23:10Pa kite yo rele nou chèf, paske nou gen yon sèl chèf, se Kris la.
Luke 22:32Men, mwen lapriyè pou ou, Simon, pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Ou menm, lè wa tounen vin jwenn mwen, bay frè ou yo fòs.
Romans 14:9Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve soti vivan ankò pou l' te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo.
1 Corinthians 3:3Paske n'ap viv tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn toujou. Depi ou tande gen jalouzi nan mitan nou, depi nou gen kont yonn ak lòt, nou tou wè se moun lemonn nou ye, se tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan n'ap viv.
2 Corinthians 4:5Konprann sa byen, se pa tèt pa m' m'ap fè nou konnen: men se Jezikri, Seyè a, m'ap fè nou konnen. Mwen menm mwen di nou se sèvi m'ap sèvi nou poutèt Jezi.