Matie 27:1
Nan granmaten, tout chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la, yo mete tèt yo ansanm sou do Jezi. Yo pran desizyon pou fè touye li.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Apre yo fin mare l', yo mennen l' ale, yo renmèt li bay Pons Pilat, gouvènè peyi a.
Cross References
Judges 16:2Moun lavil Gaza yo vin konnen Samson te la nan lavil la. Yo mache chache l' toupatou, yo pase nwit la ap veye l' bò pòtay lavil la. Yo pa fè bri menm tout nwit la. Yo t'ap di nan kè yo: -N'ap tann solèy leve, lè sa a n'a touye l'.
Psalms 2:2Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a.
Micah 2:1Ala mal sa pral mal pou moun ki kouche nan kabann yo ap fè move plan, k'ap kalkile mechanste yo pral fè! Kou jou kase, premye okazyon yo jwenn, yo fè sa yo t'ap kalkile a, paske yo gen pouvwa nan men yo.
Matthew 26:3Lè sa a, chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo ki t'ap dirije pèp la reyini nan palè granprèt yo te rele Kayif la.
Luke 22:66Lè l' fin fè jou, tout chèf fanmi yo, chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo reyini. Yo fè mennen Jezi devan Gran Konsèy jwif yo.
John 18:28Apre sa, soti kay Kayif, yo mennen Jezi nan palè Gouvènè a. Se te granmtimaten. Men, jwif yo pa t' antre nan palè a. Yo pa t' vle mete tèt yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye yo. Sa ta ka anpeche yo manje manje Delivrans lan.