Matie 3:7
Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an?
Bib La
In The King James Version
In Context
6Yo te konfese peche yo devan tout moun. Apre sa, Jan te batize yo nan larivyè Jouden an.
8Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon.
Cross References
Psalms 58:3(058:4) Malveyan yo pèvèti depi nan vant manman yo. Moun k'ap bay manti yo gen madichon depi yo fèt.
Isaiah 59:5Move plan y'ap fè yo tankou pwazon. Si ou pran ladan yo nanpwen rechap. Si ou rive kraze yon move plan y'ap fè, y'ap pare yonn ki pi rèd pou ou.
Jeremiah 51:6Kouri kite lavil Babilòn! Kouri chape kò nou. Pa kite yo touye nou pou mechanste moun pa li yo. Lè a rive pou m' tire revanj mwen. M'ap pini l' pou sa li fè m' lan.
Ezekiel 33:3Lè faksyonnè a va wè lènmi ap pwoche, l'a bay yon kout klewon pou avèti moun yo.
Matthew 12:24Lè farizyen yo tande sa, yo di: Si nou wè nonm sa a ap chase move lespri, se paske Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ba l' pouvwa pou sa.
Matthew 15:12Lè sa a, disip li yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Ou konnen farizyen yo ofiske poutèt sa ou sot di la a.