Matie 5:48
Non, nou fèt pou nou bon nèt, menm jan Bondye Papa nou ki nan syèl la bon nèt.
Bib La
In The King James Version
Be ye therefore perfect, even as your Father which is in heaven is perfect.
In Context
Cross References
Leviticus 11:44Se mwen menm Seyè a ki Bondye nou. Se pou nou kenbe kò nou yon jan pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Pa kite ankenn ti bèt k'ap trennen sou vant mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi m'.
Leviticus 20:26Se pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Mwen menm Seyè a, mwen mete nou apa nan mitan tout lòt pèp yo pou nou ka pou mwen nèt.
Deuteronomy 27:10Se pou nou obeyi l', se pou nou swiv tout lòd ak tout regleman mwen ban nou jòdi a.
Psalms 37:37Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l'. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit.
Matthew 5:45Se konsa n'a tounen pitit Papa nou ki nan syèl la. Paske, li fè solèy la leve ni pou moun ki mechan ni pou moun ki bon. Li fè lapli tonbe ni pou moun k'ap fè sa ki byen ni pou moun k'ap fè sa ki mal.
Luke 6:40Yon elèv pa pifò pase mèt li; men yon elèv ki fini nèt, l'ap fò tankou mèt li.