Matie 6:25
Se poutèt sa, mwen di nou: Pa bat kò nou pou sa nou bezwen pou manje ak bwè pou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou kò nou. Eske lavi a pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 55:22(055:23) Renmèt sò ou nan men Seyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.
Matthew 6:27Kilès nan nou, afòs li fè tèt li travay, kapab mete kèk lanne an plis sou lavi l'?
Matthew 6:34Se sa ki fè, pa chaje tèt nou pou denmen, paske denmen va gen zafè pa li. Chak jou gen kont chay pa yo.
Matthew 13:22Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm.
Mark 13:11Lè y'a arete nou pou mennen nou nan tribinal, pa kase tèt nou pou nou chache konnen davans sa n'a pral di; men, n'a di pawòl ki va vin nan bouch nou: paske lè sa a, se pa nou menm ki va pale, se Sentespri a ki va mete pawòl yo nan bouch nou.
Luke 10:40Mat menm t'ap fatige kò l' ak tout travay ki te pou fèt nan kay la. Lè sa a, li vini, li di: Mèt, sa pa fè ou anyen pou ou wè sè m' lan kite m' ap fè tout travay la pou kont mwen? Manyè di l' ede m' non.